Atik pibliye an kreyòl pou sansibilize Ayisyen sou kesyon anviwònman-an

An nou lite pou yon bon anviwònman an nayiti

Ayiti kounou yè-a se yon peyi ki kapab disparèt. Sa vle di si nou menm Ayisyen pa pran gwo dispozisyon pou rete degradasyon anviwònman-an, se yon peyi moun pape kapab rete ladann ankò. Nou pa vle pale de estatistik ki prale di nou konbyen pye bwa ki gen nan peyi-a ni ki kote yo ye. Nou vle kwè tout Ayisyen konnen Ayiti pa preske gen pye bwa ladann ankò. Nan platon se dezè ou wè, nan mòn se wòch ki di ou bonjou. Gen de katye nan Pòtoprens yon ti moun ki pa fèt lontan kapab etone lè li kontre yon pye bwa, tèlman se pa yon bagay ki fasil pou wè. Moun yo detwi anpil pye bwa pou yo konstwi kay. Yo jete anpil fatra nan lari-a, sa touye pye bwa yo tou.

Nan peyizanri-an problem-nan grav tou. Peyizan koupe anpil pye bwa pou yo kapab fè chabon. Gen nan pye bwa yo ki mouri pou kont yo paske yo pa jwenn swen, secherès, nan pwen la pli. Bagay sa-a ape kontinye e pèsonn pa kapab di ki lè li prale gen yon fen. Peyizan konnen kounou yè-a sa lape fè-a pa bon. Tout moun konnen si yo kontinye ape itilize chabon bwa se anviwònman peyi-a yo ape detwi. Men chak jou yo leve yo koupe pye bwa pi rèd, yo itilize chabon bwa pi rèd. Se pa difisil a konpran fòk yo manje, fòk yo viv. Yo pa gen lòt chimen. Nan pwen elektrisite e gaz la menm chè e li pankò rantre nan kilti moun yo. Men gen yon bagay yon Ayisyen pa dwe bliye, yon peyi pa kapab rete vivan si anviwònman-li detwi. Li prale tounen yon dezè e abitan peyi-a prale dezète tou. Yo prale chèche la vi yon lòt kote. Se sa nou komanse wè la-a. Anpil Ayisyen ape chèche yon lòt tè ki pi vivab pou yo ale abite. Sa se deja yon katastròf. Yon peyi ki pa gen pye bwa, se yon peyi ki san lè pa gen dlo tou. Se dlo ki bay la vi. Si pa gen dlo nan yon peyi se la vi ki pa kapab pran pye nan peyi sa-a tou.

Solisyon-an se pa kouri kite peyi-a. Se goumen pou nou goumen pou nou kapab pwoteje anviwònman-an. Se pa gouvènman-an sèlman pou nou wè nan lit sa-a, chak Ayisyen dwe wè ki jan yo kapab pote kontribisyon pa yo nan lit sa-a. Si yon moun ki gen mwayen achte yon recho ak gaz, li achte yon tank gaz epi pandan yo lane li kwit manje li konsa se pa de pye bwa li bay lavi nan peyi dayiti. Si chak moun nan peyi-a te di yon prale plante yon pye bwa nan lakou yo ou byen yon lòt kote se tap yon bon bagay pou genbe anviwònman-an.

Gouvènman-an bò kote pa-li kapab pran anpil mezi pou pwoteje anviwonman-an. Li kapab fè yon politik pou chanje abitid moun yo. Li kapab pran mezi pou pwoteje pye bwa, plante pye bwa chak ane, epi tou pèsonn pa gen dwa koupe yon pye bwa anvan li gen 20 lane. Li kapab ranmase fatra pi souvan. Li kapab mete yon pi bon sistèm transpò piblik pou evite vye oto polye lè-a pi plis, se ta yon fason pou konbat efè de sè-a. Pi bonè se granm maten, li poko trò ta
.
Par Marc Sévère
30 mars 2009