Atik pibliye an kreyòl pou sansibilize Ayisyen sou kesyon anviwònman-an

KANNKOUN

Cancun (Kannkoun) Mexique

        Apre echèk konferans la, lane dènyè an 2009 nan Kopennag, 194 peyi te reyini nan peyi Mexique nan mwa desanb 2010 la pou yo wè si yo te kapab debloke demach sa-a, yo vle wè ki jan yo kapab twouve yon fason pou fè avanse lit kont rechofman klima-a. Nan konferans kopennag- la an 2009, peyi yo ki te la yo pa te kapab twouve yon antant antre yo. Se sèlman 20 peyi, (peyi devlope-yo) ki te pwopoze yon pwojè e ki te fè yon antant antre yo, antant sa-a te di peyi sa yo prale goumen pou redwi de mwatye gaz a efè de sè yo, yo ape lage nan atmosfè-a, sa prale pèmèt tanperati planèt-la pa ogmante pase 2% nan lane 2050.
        Ane 2010 la, nan Mexique, nan vil Kannkoun (Cancun) te gen anpil volonte pou soti ake yon akò. Sa pate fasil, paske chak peyi yo te wè bagay la yon jan, selon sitiasyion ekonomik andedan lakay yo. Men apre anpil diskisyon pandan 14 jou, minis afè èxteryè meksik la te pwopoze yon pwojè apiye pa peyi kape fè jefò pou soti nan la mizè (pays émergents) e finalman pwojè aksèpte.
        Ki sa pwojè sa-a mande ?
        - Li mande pou yo kreye yon fon vèt (fonds vert). Lajan ki prale nan fon sa-a prale sèvi pou ede lòt peyi yo pou yo kapab konbat rechofman klima-a.
        - Li mande pou yo redwi nan kantite pye bwa yo, yo ape koupe yo.
        - Li mande pou gwo peyi yo kapab fè transfè teknoloji pou ede lòt peyi, pou yo konnen ki jan pou bese kantite gaz yo ape lage nan atmosfè-a.
        193 reprezantan peyi yo te twouve sa reyalis yo te siyen akò-a apa la bolivi ki pa te siyen li. Sa fè yo pa te arive a yon konsensus global jan yo abitye fè li. Nan lemond yo te di se yon siksè apre echèk kopennag-la. Men yon bagay ki te rete yon enkyetid pou le moman se akò Tokyo-a ( sa yo rele processus de Tokyo). Akò sa- a prale fini nan lane 2012 e yo ponkò konnen ki sa yo prale fè apre li fini. Gen peyi ki ta vle yo pwolonje li gen lòt peyi ki pa dakò. Etan done gen yon konferans lane pwochèn an 2011 nan peyi Afrikdisid nan vil Durban, nou espere yo va sòti ake yon lòt akò ki pi solid pase Tokyo. Men an atandan tout moun ape rale yon souf paske si Kannkoun (Cancun) te pase mal, bagay la te aprale grav.
        Ki sa peyi dayiti kapab tire de konferans Kannkoun nan ? Si peyi dayiti gen yon gouvèneman ki panse peyi, li kapab tire pwofi de desizyon yo soti pran la-a. Pale de anviwònman nan peyi dayiti se pale de yon katastròf ekolojik. Ayisyen pa kapab rete tou tan endiferan a yon tèl desas, li lè, li tan pou Ayisyen chèche konprann sa kape pase nan zafè lit pou lanviwònman-an. Ayiti bezwen lajan pou fè rebwazman. Ayiti bezwen lajan pou ede moun yo pou yo pa koupe pye bwa yo. Ayiti bezwen lajan pou li kapab itilize tèknoloji modèn pou moun yo kapab konnen lòt fòm enèji. Ayiti bezwen lajan pou fè kanpay pou sansibilize moun sou kessyon rechofman klima-a. Nou gen anpil èspwa, dirijan nou yo prale pran an konsiderasyon desizyon ki sot pran nan konferans kankoun nan e yo prale wè ki jan peyi dayiti kapab ale pi devan nan lit kont debwazman-an, nan lit kont fatra nan tout la ri yo, nan lit pou yon devlopman ekonomik tou.

        Marc Sévère Desanm 2010
.
Par Marc Sévère
15 décembre 2010