Atik pibliye an kreyòl pou sansibilize Ayisyen sou kesyon anviwònman-an

Ki sa devlopman dirab-la ye?

 

Ki sa devlòpman dirab la ye ?

Depi kèlke tan, genyen yon nouvo mo ki antre nan vokabilè tout moun. Mo sa-a se devlòpman dirab. Sa pa gen lontan yo te abitye nou ak yon chema pou pale de devlopman peyi yo. Peyi yo ki rich anpil e ki gen anpil gran manjè lakay yo, yo rele yo peyi devlope, nan liy sa-a ou jwenn peyi tankou Etazini, Lafrans, Langletè, Lalmay… Apre sa,  yo di gen peyi  ki ape fè yon jefò, yo te rele yo peyi kape devlope, ou gen Lakore, Lajantin, Brezil, Taywann…  Epi pou fini, peyi ki pi pòv yo, peyi ki ape tann lapli tonbe pou fè mayi pouse, yo te rele yo peyi soudevlope, nan kolòn sa-a, ou te ka jwenn Afganistan, Congo, Guatemala, Ayiti ladann tou… Ayisyen yo menm, yo te retire kò yo nan chema sa-a, puiske yo toujou di Ayiti se yon peyi kape anvlope. Mape di nou an pasan, peyi yo kite nan sistèm sosyalis-la pate gen plas nan chema sa-a, puiske yo pa te rantre nan kritè gran ekonomis yo an oksidan. Se te ekonomi planifye yo te genyen. Pa te gen mache kote òf ak demand te fè la lwa.

Avan, kritè yo pou yo di si yon peyi devlope ou pa devlope, se te kritè ekonomik-la sèlman yo te gade. Se te pwodiksyon endistrièl  peyi-a  ki te di ki sa li ye. Se sa ki fè tout peyi  te vle gen anpil endistri pou yo te kapab di yo devlope. Se te yon devlòpman kraze brize, chen manje chen ki tap detwi  resous planèt-la e ki an menm tan pèmèt lenjistis pran pye. Te gen tròp gaspiyay.

Depi prè de 30 lane, yo parèt ak yon lòt lide ki rele devlopman dirab. Nou di yon lide, men se yon reyalite ki enpoze lide sa-a. Lòm vin konstate, si yo pa chanje jan yape viv la-a, yo prale tou dwat nan dèstriksyon pròp tèt yo. Se konsa apre plisyè reflèksyon, yo abouti a yon altènativ ki mande yo pou yo wè bagay yo yon lòt jan. Se konsa Nasyon Zini soti yon rapò nan lane 1987 ki te rele rapò Brundtland. Rapò sa-a te di, solisyon-an se DEVLÒPMAN DIRAB. Rapò sa-a,  tou defini sa yo rele devlòpman dirab e li di devlòpman dirab-la : se yon devlopman ki dwe reponn a bezwen jenerasyon kap viv kounou yè-a e ki tou pa mete an danje bezwen lòt jenerasyon kap vini apre yo-a. Rapò sa-a tou di yo, fòk devlopman kraze brize sa-a ki la kounou yè-a, fini. Fòk yo kontrole apeti gran manjè yo. Fòk yo wè bagay yo yon lòt jan, fòk gen jistis, fòk gen egalite, fòk gen fratènite, fòk gen solidarite, fòk gen rèspè, fòk gen pataj... Pou tout sa yo kapab fèt, fòk  devlopman ekonomik ak devlopman sosyal ak pwotèksyon anviwònman-an mache ansanb.

Devlopman dirab la, sa vle di se tout swit pou nou aji. Gouvènman-an ak sosyete sivil la, antrepriz yo dwe kole tèt pou yo mete an prensip tout sa ki nesesè tout swit pou sove planèt nou-an. Konbat la povrete, sa trè enpòtan pou yon bon anviwònman. Devlopman dirab la vle di pou yo repanse rapò antre moun. Pou gen rapò ki pi imen. Pou yo repanse rapò antre moun ak la nati. Fòk tout moun gen yon sousi pou pwoteje anviwònman-an.  Lè nou gade ekosistèm yo entak sa pwoteje sante tout moun e li pa mete an danje okenn kominote kote gen moun.  Devlopman dirab la vle di la jistis pou tout moun, fanm tankou gason, tout peyi sou menm pye degalite, tout nasyon sou menm pye degalite, tout pèp sou menm pye degalite. An plis fòk ekonomi-an prospè, la syans dwe fè anpil rechèch e teknoloji-a dwe devlope non pa pou kreye pwofi men pou kreye plis richès pou tout moun kapab viv byen.

An Nayiti, devlopman dirab-la ouvri yon pòt pou nou kapab wè ki kote nou dwe ale. Nou pa bezwen gen anpil gwo endistri, ni gwo otorout pou pèmèt tròp otomobil ap polye lè-a. Nou kapab devlope agrikilti nou pou nou jwenn manje pou tout Ayisyen kapab manje e pou vann tou aletranje. Nou kapab devlope yon endistri agrikòl ki reponn a bezwen nou e nou kapab expòte si nou gen anpil. Jodi-a, nou menm Ayisyen si nou aplike prensip devlopman dirab la, nou kapab devlope peyi nou kòrèkteman. Tout Ayisyen ap kapab viv byen nan peyi yo e yo ap renmen peyi yo.

Marc Sévère 24 Mai 2009

 

Par Marc Sévère
24 mai 2009