Atik pibliye an kreyòl pou sansibilize Ayisyen sou pwoblèm anviwònman-an

Atik sa-a pibliye an Franse, auteur, David Suzuki, tit-la se: Ce que nous faisons aux océans, nous le faisons à nous-mêmes

 

Sa nap fè oseyan yo se a tèt nou nap fè li

                Planèt nou-an ak atmosfè li se tankou yon rezo ki konèkte ak oseyan yo , lè, la tè. Dlo ap koule nan tout bagay sa yo e li kenbe planèt-la an vi. Dlo ape sikile tou tan nan tout kò la tè. Se enèji solèy-la ki pouse li. Nan lan mè li evapore, nan plant ak nan sòl-la li transpire, e li koule nan glasye yo, nan nap yo tou pou li retonbe sou la tè sou fòm lapli ou byen lanèj. Dlo kouvri 71% nan latè. Li pran plizyè fòm : li likid, li solid e li an gaz tou. Se li ki regle klima planèt nou-an.

Yon pati nan dlo-a pèmèt tanperati-a rete stab non yon zòn, paske li melanje ak dyoksid de kabòn, li kreye yon kouvèti ki pyeje chalè-a nan atmosfè-a. Men lè nou jete tròp dyoksid de kabòn ak lòt polyan nan lè-a ak nan dlo yo, nou kreye yon debalansman.

Menm si nou konnen, oseyan yo ak atmosfè-a enpòtan pou la vi, nou konsidere yo tankou bwat fatra. Nou lage plis gaz kabonik nan lè-a, plis pase sa plant yo ak oseyan yo kapab pran, lè nou aji konsa, li vin fè yon depo, chalè-a vin pran nan pyèj, li rete la, sa ki vin rive ? se tanperati planèt-la ki ape ogmante pitipiti.

Yo rapòte plizyè konsekans ki gen rapò ak rechofman klima-a, men malgre tou,  yo pa bay enpòtans ke li genyen. Lè tanperati oseyan ogmante, degre asid la vin pi plis akòz konsantrasyon dyoksid de kabòn. Oseyan yo absòbe kabòn nan e li gade li andan li, konsa li kreye yon kouvèti ki pwoteje planèt-la kont chanjman klima-a. Men lè gen tròp Kabòn nan dlo-a, nivo PH (1) dlo-a bese epi li vin pi asid.

Siyantifik yo di bagay sa-a kapab genyen yon enpak enpòtan sou resif ki fèt ak koray yo, yo ka menm fè yo disparèt. Si resif sa yo disparèt, la mwatye de tou sa ki gen la vi nan lan mè-a ap disparèt ak yo. Lè nivo Ph la bese li anpeche zo yon bann animal nan lan mè-a vin di paske yo pa jwenn ase kalsyum pou fòme kokiy ak èskelèt yo. Sa bese kapasite oseyan pou yo absòbe e gade kabòn nan. Konsekans; planet la pral vin pi cho.

Malgre avètisman siyantifik yo, pwoblèm asid la nan oseyan yo pa jwe yon gran wòl nan negosyasyon kap fèt sou chanjman klima-a, men sa ka chanje. Mwa Me ki sot pase-a, delege 76 peyi sot reyini nan yon vil ki rele Manado en Indonésie, nan yon konferans sou oseyan yo, reprezantan plizyè zile ak peyi kape devlope yo te mande pou yo mete sa nan lòd di jou-a nan konferans ki prale fèt an desanb nan Copenhague, nan peyi Danemark.

Nou èspere yo prale reyisi sansibilize le mond sou kesyon sa-a. Nou pa kapab kontinye ap ignore eta oseyan yo. Se sèten pwoblèm asid la se yonn nan pwoblèm yo. Nou jete tou, anpil lòt debri nan lan mè-a.

Se yon imaj ki revòltan, lè nou ape gade 5 gwo zile ki fèt ak dechè plastik kape fè laviwonn nan lan mè-a. Gen yonn nan yo ki pi gwo pase Québec.   Gen yo gwoup moun ki vle pwoteje la nati ak anpil siyantifik, yo gen pwojè pou ale nan gran toubiyon sa-a pou yo wè si yo ta kapab netwaye li.

Dapre PNUE (Programme Nations Unies pour l’Environnement) gen 13.000 moso plastik pou chak kilomèt kare dlo nan oseyan-an e se yon gran pati nan yo ki fome gran zile plastik yo.

Lè bèt yo nan lan mè-a manje plastik sa yo, yo kontamine tèt yo.  Nou menm fòk nou manje bon ti pwason, bon ti krab, bon ti lanbi… sa ki rive? Nou kontamine tèt nou tou.

Gen anpil espwa, siyantifik yo ape chèche solisyon a pwoblèm-nan e li ta bon pou tou nasyon mete tèt yo ansanb pou atake  pwoblèm asid nan lan mè-a. Men nou dwe fè plis toujou pou nou pa kite jan de pwoblèm sa yo rive. Nou kapab fè li si nou redwi fatra nap jete yo, fòk nou redwi vye gaz yo tou, fòk nou ankouraje gouvèneman nou yo pou yo  montre yo pi fèm, pou yo kapab pwoteje latè ak tout oseyan-yo ki kouvri pi gran pati nan planèt-la.

Oseyan yo se kote la vi sanble pran orijin li, tankou sèl nan san nou montre sa. Oseyan ap koule nan venn nou e yo kontinye ap ban nou la vi. Mwatye nan oksijèn nou ape rèspire soti nan oseyan yo. Sa nou ap fè oseyan yo se a tèt nou, nou ape fè li. Se yon bagay nou dwe gen nan tèt nou pou jounen mondyal (des océans) nan dat 8 jwen. Tèm nan ane sa-a se : Yon oseyan, yon klima, yon avni.

Atik sa-a se yon tradiksyon. Se yon siyantifik ki rele David Suzuki ki ekri li. Li te pibliye li nan jounal Métro. Ou kapab jwenn li nan sit otè-a ak nan sit SRH.

Tradiksyon : Marc Sévère 24 juin 2009

 1-PH se pwa (poids) Idwojèn nan yon sibstans, lè li twò ba nan sibstans-la li fè asid

 

Par Marc Sévère
24 juin 2009