Yon pyebwa

Sa fè nou anpil la penn, lè nou wè nan manifèstasyon ki genyen nan la ri nan peyi dayiti, manifèstan yo pote yon branch bwa nan men yo. Yon moso katon ekri ake yon kreyon nwa ta kapab fè travay la pi byen. Nan yon moso katon ou kapab ekri sa ou ape mande a. (Kot kób petro karibe a, ban nou travay, aba kóripsyon…) moun ki ape gade yo prale plis konprann pou ki sa moun yo nan lari a, anplis katon resiklab ou kapab itilize li plizyè fwa. Ou ba li yon vi ki pi long. Koupe yon branch bwa se detwi yon pyebwa, an final se peyi a nou ape detwi. Si nou kalkile konbyen pyebwa ki detwi apwe yon mwa nape manifèste, nou mèt di se yon katastròf pou peyi a. Anplis genyen gwoup ki pwan plezi pou yo koupe yon pyebwa ki matirite pou bare wout yo. Detwi yon pye bwa sa pwan kèlke minit, fè pouse yon pyebwa, sa pwan plizyè lane. Nou déjà wè ki konsekans pou peyi dayiti. Dapwè èspesyalis ayisyen yo nan agrikilti, Ayiti se sèlman 2 pou san (2%) peyi a ki bwaze. Kon nou yè a pousantaj sa a pi ba.

An nou gade pou nou wè ki sa yon pyebwa vo. Kote gen pye bwa, fók gen la vi.

Se pye bwa an premye ki bay manje. Anpil sa nape manje se pye bwa ki ban nou li. Nou menm Ayisyen, chak jou, nou manje bannann, nou manje pwa, diri, pen, kasav, mayi mouli, patat, elatriye… yo tout se nan yon pyebwa yo soti. Nou deja wè enpótans pyebwa pou la vi nou. Manje sa yo si nou pa gen plant sa yo pou pwodwi manje pou nou, nou prale oblije mande vwazen pou ban nou yon ti manje. Vwazen an pape fè la charite, lape vann ou. Men póv kape fè gran nèg fè lajan sou tèt a yo.

Èske nou konnen anpil medikaman nape pwan se nan pye bwa yo soti. Plis medikaman nou genyen an nayiti se nan pyebwa nou ale pwan yo. Nou toujou bezwen bwè yon ti dite paske tèt an nou ape fè nou mal, nou gen doulè nan vant, nou gen gaz. Se pa paske yo pi fasil pou twouve, men sitou se paske nou kwè nan yo, se kilti nou, nou di yo pi bon. Se pa manti yo geri anpil moun ki te malad. Menm medicaman nou achte nan famasi, ki soti nan gwo laboratwa, anpil nan yo se nan pyebwa yo twouve pwodwi ki fè yo a.

An nayiti pyebwa jwe yon gran wól nan milye sosyal an nou. Se yonn nan pi gran plezi yon Ayisyen konnen lè yo reyini anba yon pyebwa pou yo koze. Sila pote ti chèz ba li ki fèt ak pay. Yon lót vini ake yon nat pou li kapab kouche. Gen nan yo se sou rasin pyebwa a yo chita. Tout moun pote manje pou yo manje. Sa ou tande a yo prale pase jounen an la yo ape koze. Yo santi yo byen, yo vini ake radyo yo pou jwe mizik tou. Anba pyebwa se yon lye de relasyon piblik, de detant pou tout moun.

An nou gade ki wól pyebwa jwe nan la nati. Kote gen anpil pyebwa, rasin yo pwoteje sól la kont lewozyon. Sa a li menm li anpeche dlo la rivyè, dlo nan lan mè yo gen twóp polisyon. Konsa plizyè animal tankou pwason kapab viv pi lontan. Pyebwa yo fè nou rèspire yon lè ki pi pwóp, paske yo ede filtre lè a, yo absóbe anpil matyè ki gen mikrób tankou pousyè ki nan lè a. Rasin yon pyebwa se yon filtr li ye pou netwaye dlo ki ape koule anba tè a. Kote ki gen pyebwa, nou gen chans pou bwè yon pi bon dlo. Kote gen pyebwa li fè pi fwe, paske pyebwa yo rafwechi lè a, Se sa ki èsplike tou, tout moun toujou ape chèche yon pak, yon teren bwaze pou yo ale detand yo. Nou konpwann pouki sa peyi nou an fè cho konsa. Anpil lót peyi ki tou pwe nou pa fè cho tankou Ayiti. Kiba, Miyami fè cho tou, men yo pa kapab wè devan Ayiti. Yo pa gen pwoblèm debwazman.

Nan peyi óganize yo, pyebwa kreye anpil, anpil jób. Lè gen forè yon kote, fók gen anpil travayè nan zón sa a pou kenbe pyebwa an sante. Nan vil yo fók gen pyebwa tou, lè sa a fók ótikiltè, aborikiltè yo pote kole pou pyebwa yo kapab fleri. Tou sa se travay ki kreye paske yo rekonèt enpótans pyebwa.

Tou sa montre nou, li enpótan pou nou fè rebwazman nan peyi a. Rebwazay pa rebwazman. Nou fè anpil rebwazay, ki pa bay anyen. Se pou nou sispann detwi pyebwa yo. Nou dwe konprann ki sa yon pyebwa repwezante pou nou, pou lavi nou, fók nou pwoteje pyebwa yo. Si chak manifèstan avan chak manifestasyon te plante yon pyebwa (yon grenn zaboka, yon grenn mango, yon grenn mayi…) Peyi te prale pi bèl. Epi te prale gen plis manje pou tout animal kapab jwenn manje (moun ak bèt). Yon pyebwa ki mati li kapab bay oxijèn nan yon jounen pou 4 moun respire byen. Answit nou konnen nan ki eta vwati nou yo ye, jan yo ape polye lè a. Apwe yo fè 20.000 kilomèt, yo lage nan lè a anpil dioxid de kabón nan lè a. Pou absóbe tout kabón sa yo, fók nou ta gen 500 pyebwa ki mati.

Mwen kwè kou nou yè a nou konpwann ki sa yon pyebwa reprezante pou la vi nou e pou peyi a tou.


Marc Sévère 9 décembre 2019